Memo-mamo
Fanm nan Kebèk ki ant 50 ak 74 an kalifye pou yon mamografi pou tès depistaj kansè nan tete. Fanm ki soti nan kominote defavorize yo souvan pa gen aksè ak enfòmasyon sou mamografi oswa resous ki disponib nan pwovens yo.
Pran swen sante nan nivo tete w kòmanse avèk konpreyansyon byenfè ak limit tès depistaj kansè nan tete, poukisa ou ta dwe fè tès depistaj, ak kijan pou fè yon mamografi si w ap viv nan Kebèk epi ou kalifye.
Enpòtans tès depistaj kansè nan tete@(headingTag)>
Kansè nan tete se dezyèm kòz lanmò kansè lakòz nan mitan fanm nan peyi Kanada, yo estime 1 sou 8 fanm resevwa yon dyagnostik kansè nan tete pandan lavi yo.
Sepandan, depi 1986 pousantaj lanmò kansè nan tete lakòz te diminye a mwatye, grasa rechèch ki kontinye epi amelyorasyon mezi pou detekte l bonè ak tretman. Kounyeya, apeprè 88% nan fanm yo dyagnostike ak kansè nan tete ka siviv omwen 5 lane aprè yon dyagnostik.
Lè w fè tès depistaj pou kansè nan tete, ou ka ogmante chans ou genyen pou yo detekte kansè nan tete bonè, anvan menm sentòm yo devlope, nan moman li pi fasil pou trete.
Your trusted source for accurate cancer information
With support from readers like you, we can continue to provide the highest quality cancer information for over 100 types of cancer.
We’re here to ensure easy access to accurate cancer information for you and the millions of people who visit this website every year. But we can’t do it alone.
Every donation helps fund reliable cancer information, compassionate support services and the most promising research. Please give today because every contribution counts. Thank you.